Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li:
— Ou konnen sa Senyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea. Mwen te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Senyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m al vizite tout peyi sa a. Lè m tounen, mwen fè l yon bon rapò dapre sa m te wè. Moun ki te moute avè m yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Senyè a, Bondye mwen an, te vle m fè. Lè sa a, Moyiz fè m pwomès sa a, li di m: Ou wè ou menm, ou fè tou sa Senyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou. Gade! Senyè a kenbe pwomès li, li pa kite m gentan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Senyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Kounyeya mwen gen katrevensenkan. Men, mwen santi m vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m jan m te konn fè l lè sa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Senyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann grannèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Senyè a pral kanpe avè m. L'a ede m pran peyi a nan men yo jan li te di l la.
Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li. Jouk kounyeya, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l fè.