Pandan tout rès vi ou, pèsonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje. Paske se mwen menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a. Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase. Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Li Jozye 1
Koute Jozye 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 1:5-9
4 Jou
Gid lekti sa a ap gide lektè yo atravè aspè kle nan Liv Ansyen Testman yo, ofri yon vizyon sou estrikti, tèm, ak enpòtans divès liv yo. Pandan kat jou, n ap eseye konprann kontèks istorik, estil literè, ak mesaj ki fè chak liv yo diferan, pandan n ap pwofondi konpreyansyon ak apresyasyon nou pou Bib la an jeneral.
1 Week
Learn what the Bible says about boldness and confidence. The "Courage" Reading Plan encourages believers with reminders of who they are in Christ and in God's kingdom. When we belong to God, we're free to approach Him directly. Read again – or maybe for the first time – assurances that your place in God's family is secure.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo