Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jonas 3:4-10

Jonas 3:4-10 HAT98

Jonas antre nan vil la. Li annik mache yon jounen ap preche konsa: — Nan karant jou ankò, Niniv pral disprèt. Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè. Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife. Li voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a: — Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè. Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.

Li Jonas 3

Koute Jonas 3

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jonas 3:4-10

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo