Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, li di l konsa: — Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesay mwen te ba ou pou yo a. Se konsa, Jonas leve, l'ale lavil Niniv jan Senyè a te di li a. Niniv te yon gwo vil ki mande twa jou pou mache sot nan yon bout Al nan yon lòt bout. Jonas antre nan vil la. Li annik mache yon jounen ap preche konsa: — Nan karant jou ankò, Niniv pral disprèt. Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè. Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife.
Li Jonas 3
Koute Jonas 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jonas 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo