Tout dlo kouvri m' Yo prèt pou anglouti m'. Fon lanmè viwonnen mwen, Zèb lanmè vlope tout tèt mwen. Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa sòti. Men, Senyè, Bondye mwen, ou rale m sòti nan twou a. Ou ban m lavi ankò. Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m. Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a. Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou. Lè sa a, Senyè a pase gwo pwason an lòd vomi Jonas sou rivaj lanmè a.
Li Jonas 2
Koute Jonas 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jonas 2:5-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo