Apre sa, maren yo yonn di lòt: — Ann tire osò pou n konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki sòti. Epi yo di l: — Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou sòti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou? Jonas reponn yo: — Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Senyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a. Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Senyè a. Maren yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l konsa: — Sa ou fè konsa, monchè?
Li Jonas 1
Koute Jonas 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jonas 1:7-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo