Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l: — Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal? Jonas reponn yo: — Pran m, lage m nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a. Maren yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pat kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. Lè yo wè sa, yo rele nan pye Senyè a, yo lapriyè li konsa: — O Senyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò misye. Ou wè nou inosan. Paske se ou menm, Senyè, ki vle li konsa. Epi yo pran Jonas, yo lage l nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt. Lè maren yo wè sa, yo te vin pè Senyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l. Senyè a depeche yon gwo pwason vin vale Jonas tou vivan. Jonas pase twa jou twa nwit nan vant gwo bèt la.
Li Jonas 1
Koute Jonas 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jonas 1:11-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo