Senyè a pale, li di:
— Menm kounyeya,
tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou!
Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
Se pa rad sou nou pou nou chire,
se kè nou menm pou nou chire
pou fè wè jan nou nan lapenn.
Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an.
Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun.
Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Li toujou pare pou padonnen nou.
Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou.
Li ka ban nou benediksyon.
N'a gen danre ak diven ankò
pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an!
Kònen twonpèt sou mòn Siyon an!
Bay lòd pou tout moun fè jèn!
Mande pou tout moun reyini!
Sanble pèp la.
Pare tout moun pou fè sèvis.
Sanble vye granmoun yo!
Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete.
Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.
Nan lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la,
se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di:
Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a.
Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont,
pou yo ta di: Kote Bondye yo a?
Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a.
Li fè pèp li a gras.
Li reponn, li di pèp la konsa:
— Bon! Mwen pral ban nou
ble, diven ak lwil fre.
N'ap gen tou sa n'a bezwen.
Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.
Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou.
Wi, lame krikèt ki te sòti nan nò a.
M'ap voye yo ale nan dezè a,
kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa.
Tèt lame krikèt yo va pran direksyon
lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a.
Ke lame krikèt yo va pran direksyon
lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a.
Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant.
Senyè a fè anpil bagay pou nou.
Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò.
Fè fèt, fè kè nou kontan,
paske Senyè a fè anpil pou nou!
Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò:
jaden zèb yo pral pouse byen bèl,
pyebwa yo pral donnen,
pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.
Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt!
Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou.
Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn.
Li ban nou gwo lapli loray
ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an.
Glasi yo pral plen grenn.
Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi
pandan tout tan bann gwo krikèt yo,
ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo
te devore rekòt nou yo.
Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
Nou pral manje plen vant nou.
N'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an,
ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou.
Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la.
Se mwen menm Senyè a ki Bondye nou.
Pa gen tankou m.
Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun.
Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesay m'a ba yo.
Granmoun nou yo va fè rèv.
Jennmoun nou yo va gen vizyon.
Wi, lè sa a, m'a vide lespri m sou tout moun,
ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
Mapral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a.
Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen.
Solèy la pral vin tou nwa,
lalin lan pral vin wouj kou san
anvan jou Senyè a va rive.
Aa! Se va yon gwo jou,
yon jou k'ap fè moun tranble.
Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Senyè a va sove.
Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape,
jan Senyè a te di l la.
Wi, tout moun Senyè a va chwazi, se yo ki va chape.