Jowèl 1:1-20

Jowèl 1:1-20 HAT98

Men mesay Senyè a te bay Jowèl, pitit gason Petwèl la. Nou menm, ansyen yo, Koute sa byen! ou tout ki rete nan peyi a, Louvri zòrèy nou fen! Eske depi nou sou latè, Eske sou tan zansèt nou yo, Bagay konsa te janm rive? N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l bay moun k'ap vin apre yo. Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa. Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò. Yon lame krikèt atake peyi nou an. Yo grannèg, moun pa ka konte yo. Dan yo tankou dan lyon, kwòk dan yo tankou dan fenmèl lyon. Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan. Nou menm pèp la, nou mèt plenn, Tankou yon jenn fi, rad dèy li sou li K'ap plenn lanmòfiyanse li. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan Tanp Senyè a. Prèt yo, sèvitè Senyè a, nan lapenn. Tout jaden yo blanch. Tè a nan lapenn. Tout pye ble yo fin mouri. Pye rezen yo cheche. Pye oliv yo rabougri. Kiltivatè pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden yo ap plenn Paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt pèdi nèt. Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò. Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an. Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a. Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn. N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an! Grenn yo plante yo rete anba tè. Kay depo yo fin kraze. Galata yo vid. Pa gen rekòt pou mete ladan yo. Zannimo yo ap plenn, bann bèf yo pa konn kote pou yo ale. Yo pa jwenn anyen pou yo manje nan savann. Ata mouton yo ap soufri grangou. Senyè, m'ap rele nan pye ou! paske chechrès la fini ak jaden zèb yo. Ou ta di se dife ki boule tout pyebwa yo! Ata zannimo nan savann yo ap rele nan pye ou, paske tout larivyè yo chèch nèt. Dife boule tout zèb nan savann yo.