Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. Tout frè ak sè l yo ansanm ak tout ansyen zanmi l yo vin wè li. Yo fè fèt avè l lakay li. Yo fè l konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Senyè a te voye sou li. Yo fè l pran kouray. Yo chak yo fè l kado yon pyès ajan ak yon bag lò. Apre sa, Senyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1.000) manman bourik.
Li Jòb 42
Koute Jòb 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 42:10-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo