Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jòb 4:12-21

Jòb 4:12-21 HAT98

Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pat fin tande nèt sa li t'ap di. Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M pa ka dòmi tèlman mwen pè. Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m. Tout zo nan kò m ap krake. Yon souf pase bò figi m, tout cheve nan tèt mwen kanpe. Mwen rete konsa, mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa te rekonèt li. Men, fòm moun lan te la devan je mwen. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di: Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l la? Bondye pa janm fin fye sèvitè l yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l repwoche yo. Alewè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou vètè! Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pèsonn pa wè sa. Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.

Li Jòb 4

Koute Jòb 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 4:12-21

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo