Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l? Bondye pale divès jan. Men, pèsonn pa okipe sa l'ap di. Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon. Li fè yo konnen sa li gen pou l di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo. Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo grinyen. Sa ki rete pou yo mouri a, pou y'ale nan peyi san chapo a pa anyen. Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l, yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo. Zanj lan va gen pitye pou li. La di Bondye: — Tanpri, pa kite l mouri. M'ap peye pou sove lavi li. Kò li va refè, la vin fre tankou lè l te jenn. Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. L'al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l devan tout moun. L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: — Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m peye pou sa m te fè a. Li egzante m lanmò. Li ban m lavi ankò. Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm
Li Jòb 33
Koute Jòb 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 33:13-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo