Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se kounyeya li kenbe m. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m pou m te fini avè l. Satan reponn li: — Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pat dwe di sou ou nan figi ou. Senyè a di Satan konsa: — Ou mèt fè sa ou vle avè l. Men, pa touye l pou mwen. Lamenm, Satan vire do l, l ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l jouk nan po tèt li. Lè sa a, Jòb sòti, l'al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l. Madanm li di l konsa: — Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!
Li Jòb 2
Koute Jòb 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 2:3-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo