Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jòb 19:1-12

Jòb 19:1-12 HAT98

Jòb pran lapawòl, li di konsa: — Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouray mwen ak tout pawòl sa yo? Tout tan n'ap plede joure m, n'ap trennen m nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m la a? Menm si mwen ta fè sa m pat dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal? Nou konprann nou pi bon pase m. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a. Nou pa wè se Bondye k'ap manyen ak mwen (k'ap frape m'). Se li ki antòtiye mwen nan pèlen li. Si m-rele anmwe ansasen, pèsonn p'ap reponn. Si m mande jistis, pèsonn p'ap kanpe pou defann mwen. Bondye bare tout chemen devan mwen. M pa ka pase. Li fè m wè tou nwa devan mwen. Li fè yo ban m move non. Li fè m pèdi tout byen m. Li minen m tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen. Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m tankou yon lènmi. Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m. Yo rive sou mwen san m pa wè sa. Yo sènen m anndan lakay mwen.

Li Jòb 19

Koute Jòb 19

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 19:1-12

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo