Yon jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan te vini tou. Senyè a mande l konsa: — Kote ou sòti? Satan reponn: — M sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Satan reponn li: — Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a? Ou toujou pwoteje l, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a. Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m garanti ou, l'ap di sa l pat dwe di sou ou nan figi ou! Senyè a di Satan: — Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l yo. Men, m tou pale ou, li menm, pa manyen l! Se konsa Satan vire do l, l ale.
Li Jòb 1
Koute Jòb 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 1:6-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo