Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resèpsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven. Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l konsa: — Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre, lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Mesye pat ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: — Loray tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa. Mesye pat ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: — Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y'ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Mesye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: — Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, lè yon sèl gwo van leve soti nan dezè a. Li kraze kay la touye tout moun. Se renk mwen menm ase ki chape vin pote nouvèl la. Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l, li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l atè, li bese tèt li. Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye! Malgre tout malè sa yo ki te rive l, Jòb pat fè okenn peche, ni li pa janm di sa li pat dwe di sou Bondye.
Li Jòb 1
Koute Jòb 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 1:13-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo