Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. Li di l konsa:
— Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a.
(Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.)
Avèg la ale, li lave figi li. Lè l tounen, li te ka wè nan tou de je l yo.
Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di:
— Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!
Gen moun ki t'ap di:
— Se li menm wi.
Gen lòt ki t'ap di tou:
— Non. Se pa li. Men, li sanble l anpil.
Lè sa a nonm lan di yo:
— Se mwen menm menm.
Yo mande li:
— Kijan ou fè pa avèg ankò a?
Li reponn yo:
— Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m ak labou a, epi li di m al lave figi m nan basen Siloe a. M ale. Lè m fin lave figi m, mwen wè m wè.
Yo mande li:
— Kote nonm sa a?
Li reponn yo:
— Mwen pa konnen non.
Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l bay farizyen yo. Se te yon jou saba Jezi te fè labou a pou geri avèg la. Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sa k te pase ki te fè l ka wè kounyeya. Li di yo:
— Li mete ti kras labou sou je m yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, kounyeya mwen wè.
Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di:
— Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a.
Men, gen lòt ki t'ap di:
— Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa?
Te vin gen divizyon nan mitan yo.
Farizyen yo mande nonm ki te avèg la:
— Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye?
Li reponn:
— Se yon pwofèt li ye.
Men, jwif yo pat vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l ak manman l pou poze yo keksyon. Yo mande yo:
— Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sa k pase l ki fè li wè kounyeya?
Papa a ak manman an reponn yo:
— Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg. Men, nou pa konnen sa k pase l ki fè l wè kounyeya. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. L ase gran konsa. Li ka reponn li menm.
Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la. Se poutèt sa papa l ak manman l te di: l ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li.
Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li:
— Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal.
Li reponn yo:
— Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, kounyeya mwen wè.
Yo mande li:
— Men, kisa l te fè? Ki jan l te fè pou louvri je ou yo?
Li reponn yo:
— Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m redi l ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li?