Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: — Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal. Li reponn yo: — Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, kounyeya mwen wè. Yo mande li: — Men, kisa l te fè? Ki jan l te fè pou louvri je ou yo? Li reponn yo: — Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m redi l ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li? Yo joure l, yo di l konsa: — Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz. Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l sòti. Nonm lan reponn yo: — Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l sòti? Epi, se li menm ki louvri je m yo! Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l, yon moun ki fè volonte l k'ap pale avè li. Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. Si nonm sa a pat sòti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen. Yo reponn li: — Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson kounyeya? Epi yo mete l deyò nan sinagòg la.
Li Jan 9
Koute Jan 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 9:24-34
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo