Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l bay farizyen yo. Se te yon jou saba Jezi te fè labou a pou geri avèg la. Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sa k te pase ki te fè l ka wè kounyeya. Li di yo: — Li mete ti kras labou sou je m yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, kounyeya mwen wè. Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: — Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: — Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo. Farizyen yo mande nonm ki te avèg la: — Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye? Li reponn: — Se yon pwofèt li ye. Men, jwif yo pat vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l ak manman l pou poze yo keksyon.
Li Jan 9
Koute Jan 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 9:13-18
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo