Jan 7:1-31

Jan 7:1-31 HAT98

Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pat vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li. Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive. Frè Jezi yo di l konsa: — Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè. Yon moun ki vle pou tout moun konnen l pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou. (Men, frè l yo pat kwè nan li.) Jezi di yo konsa: — Lè pa m lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon. Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m paske mwen di sa y'ap fè a pa bon. Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m lan poko rive. Apre li fin di yo sa, li rete rete l nan peyi Galile. Apre frè l yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pat kite pèsonn wè li. Jwif yo menm t'ap chache l pandan tout fèt la. Yo t'ap di: — Kote l ye konsa? Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: — Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: — Non, se pete l'ap pete moun. Men, pèsonn pat nonmen non l fò pou lòt moun pat tande, sitèlman yo te pè jwif yo. Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li konmanse pale. Jwif yo pa te manke sezi. Yo t'ap di: — Ki kote nonm sa a aprann tout bagay sa yo? Epoutan li pa fè gwo etid. Jezi reponn yo: — Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo sòti. Yo sòti nan Bondye ki voye m lan. Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo sòti nan Bondye osinon si se pawòl pa m m'ap pale. Yon moun k'ap pale pawòl pa l, se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l la, se verite a pou l di. Pa gen riz nan li. Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen? Foul moun yo reponn li: — Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a? Jezi reponn yo: — Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa! Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m di nou: se pat Moyiz ki te konmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.) Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n ankòlè sou mwen si m geri yon moun ki te malad nan tout kò l, yon jou repo. Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat. Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: — Apa nonm y'ap chache touye a? Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye! Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pèsonn p'ap konnen ki bò l sòti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l sòti. Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: — Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m sòti? Se pa mwen ki fè lide pou m vini non. Moun ki voye m lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li. Mwen menm, mwen konnen l, paske se bò kote l mwen sòti. Se li menm ki voye mwen. Lè sa a, yo t'ap chache arete l, men pèsonn pat mete men sou li paske lè l pat ankò rive. Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: — Lè Kris la va vini, eske la fè plis mirak pase nonm sa a?