Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 6:48-58

Jan 6:48-58 HAT98

Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun. Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: — Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l pou n manje? Jezi di yo: — Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.

Li Jan 6

Koute Jan 6

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 6:48-58

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo