Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a. Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pat ankò vin jwenn yo. Dlo lanmè a te move paske van an te fò. Yo te gentan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. Men, Jezi di yo: — Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Yo te vle pran l nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gentan rive kote yo taprale a. Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pat moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo. Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a. Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pat la, yo moute nan kannòt sa yo, y'al chache l lavil Kapènawòm.
Li Jan 6
Koute Jan 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 6:16-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo