Jan 6:1-14

Jan 6:1-14 HAT98

Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou. Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou. Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo. Jou fèt Pak jwif yo te vanse rive. Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l konsa: — Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n achte pou n bay moun sa yo manje? (Li t'ap di sa pou l te wè sa Filip ta pral reponn li. Li menm li te byen konnen sa l ta pral fè.) Filip reponn li: — Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal. Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li: — Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa. Jezi pran pen yo. Lè li fin rann Bondye gras sou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Tout moun te jwenn kantite yo te vle. Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: — Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye. Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale. Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: — Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an