Jan 5:25-47

Jan 5:25-47 HAT98

— Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò. Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo. — Mwen pa kapab fè anyen tou sèl. Mwen jije dapre sa mwen tande. Jijman mwen rann se bon jijman. Paske se pa volonte pa mwen m'ap fè, men se volonte moun ki voye mwen an. Si mwen pale byen sou tèt mwen, moun p'ap asepte sa m'di a pou verite. Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite. Nou te voye moun bò kote Jan. Li te di nou verite a jan l ye a. Mwen menm poutèt pa m, mwen pa bezwen pèsonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove. Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a. Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m ban m fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen. Papa ki voye m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè figi li. Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a. N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an. — Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm. Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou. Mwen, se Papa mwen ki voye mwen. Men nou pa resevwa mwen. Epi, kite yon lòt moun vin nan pwòp non li, n'ap kouri resevwa li. Epitou kouman pou nou ta fè kwè a? Nou sitèlman renmen lwanj yonn nan men lòt. Nou p'ap renmen chache lwanj ki soti nan Bondye ki pa gen parèy la? Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an. Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou. Men, nou pa menm kwè nan sa Moyiz te ekri a, kijan pou n'ta kwè nan sa m'ap di nou?

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 5:25-47

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an