Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm. Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske tanzantan, yon zanj desann vin mete dlo a anmouvman. Premye malad ki desann lan, nenpòt maladi li te genyen, li te jwenn gerizon.] Te gen yon nonm la ki te malad depi tranntwitan. Jezi wè l kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li:
— Eske ou vle geri?
Malad la reponn li:
— Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete mwen nan basen an lè dlo a anmouvman. Lè mwen fè sa pou m'ale, yon lòt gentan desann anvan mwen.
Jezi di li:
— Leve pran nat ou ale.
Menm llè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache.
Men twouve, jou sa fèt la, se te yon jou saba. Jwif yo di nonm ki te geri a:
— Jodi a se jou saba. Lalwa nou an pa pèmèt ou pote chay.
Li reponn yo:
— Se moun ki geri m lan wi ki di m ranmase nat mwen, mache m ale.
Lè sa a, yo mande li:
— Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a?
Men, nonm ki te geri a pat konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gentan pati al fè wout li.
Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa:
— Koute non. Kounyeya ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.
Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li. Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou saba. Men, Jezi reponn yo:
— Se tout tan Papa m ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
Poutèt pawòl sa a, se pi rèd atò jwif yo t'ap chache touye li. Paske li pa te sèlman vyole saba, men li te di Bondye se papa li. Konsa li fè tèt li egal ak Bondye.
Lè sa a, Jezi reponn yo:
— Vrèmanvre, Pitit Bondye a pa fè anyen ki pa soti nan Papa a. Sa li wè Papa a fè, se sa li fè tou. Paske sa Papa a fè, pitit la fè li parèy. Papa a renmen Pitit la, li devwale li tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou li devwale li pi gwo bagay pase sa toujou. Lè sa a, nou va rete bouch be. Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi. Papa a pa jije pèsonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije. Konsa, tout moun va gen onè respè pou Pitit la, menm jan yo gen onè respè pou Papa a. Moun ki pa gen onè respè pou Pitit la, li pa gen onè respè pou Papa a tou.
— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
— Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò. Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a. Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
— Mwen pa kapab fè anyen tou sèl. Mwen jije dapre sa mwen tande. Jijman mwen rann se bon jijman. Paske se pa volonte pa mwen m'ap fè, men se volonte moun ki voye mwen an. Si mwen pale byen sou tèt mwen, moun p'ap asepte sa m'di a pou verite. Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite. Nou te voye moun bò kote Jan. Li te di nou verite a jan l ye a. Mwen menm poutèt pa m, mwen pa bezwen pèsonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove. Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a. Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m ban m fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen. Papa ki voye m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè figi li. Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a. N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.
— Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm. Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou. Mwen, se Papa mwen ki voye mwen. Men nou pa resevwa mwen. Epi, kite yon lòt moun vin nan pwòp non li, n'ap kouri resevwa li. Epitou kouman pou nou ta fè kwè a? Nou sitèlman renmen lwanj yonn nan men lòt. Nou p'ap renmen chache lwanj ki soti nan Bondye ki pa gen parèy la? Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an. Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou. Men, nou pa menm kwè nan sa Moyiz te ekri a, kijan pou n'ta kwè nan sa m'ap di nou?