Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, l'ale nan peyi Galile. Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm bay yon pwofèt konsiderasyon li merite nan peyi li. Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l, paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a. Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. Lè li vin konnen Jezi te sòti peyi Jide vin nan peyi Galile, l'al jwenn li, li mande l pou l'al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. Jezi di l konsa: — Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. Fonksyonè a reponn li: — Mèt, vin avè m non, anvan pitit mwen an gentan mouri. Jezi di li: — Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l la, l ale. Li tte sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: — Pitit ou a gaya nèt wi. Li mande yo: — Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: — Yè apremidi, bò inè konsa, lafyèb la tonbe. Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:43-53
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo