Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari. Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. (Disip li yo te ale lavil la achte manje.) Fanm Samari a di Jezi konsa: — Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pat gen rapò ak moun Samari.)
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:4-9
7 Days
New Year. A New Day. God created these transitions to remind us that He is the God of New Beginnings. If God can speak the world into existence, He can certainly speak into the darkness of your life, creating for you a new beginning. Don’t you just love fresh starts! Just like this reading plan. Enjoy!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo