Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li: — Tanpri, Mèt, pran kichòy non! Men, li reponn yo: — Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen. Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: — Gen lè yon moun pote manje ba li. Jezi di yo: — Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan. Se pou m fin fè travay li ban m fè a. Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase. Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pat travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:31-38
7 Days
New Year. A New Day. God created these transitions to remind us that He is the God of New Beginnings. If God can speak the world into existence, He can certainly speak into the darkness of your life, creating for you a new beginning. Don’t you just love fresh starts! Just like this reading plan. Enjoy!
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo