Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l: Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li? Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen l'al lavil la. Li di moun yo: — Vini wè yon nonm ki di m tou sa m fè. Eske nou pa kwè se Kris la? Moun yo sòti lavil la, yo vin jwenn Jezi. Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li: — Tanpri, Mèt, pran kichòy non! Men, li reponn yo: — Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen. Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: — Gen lè yon moun pote manje ba li. Jezi di yo: — Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan. Se pou m fin fè travay li ban m fè a. Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase. Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:27-36
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo