Jezi reponn li:
— Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l swaf dlo ankò. Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
Fanm lan di l:
— Tanpri, mesye, ban m ti gout nan dlo sa a non pou m bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.
Jezi di l konsa:
— Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.
Fanm lan reponn:
— Mwen pa gen mari.
Jezi di l konsa:
— Ou gen rezon di ou pa gen mari. Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou kounyeya, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m manti.
Lè sa a, fanm lan di l:
— Gen lè ou se yon pwofèt, mesye? Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.
Jezi reponn li:
— Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n sèvi Papa a. Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap sòti. Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.
Fanm lan di:
— Mwen konnen Sovè a, moun yo rele Kris la, li gen pou li vini. Lè l'a vini, l'a esplike nou tout bagay.
Jezi reponn li:
— Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.