Jan 3:22-36

Jan 3:22-36 HAT98

Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun. Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l te batize yo. (Lè sa a, yo pat ankò mete Jan Batis nan prizon.) De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo. Y'ale bò kote Jan, yo di l konsa: — Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize kounyeya. Tout moun al jwenn li. Jan reponn yo: — Pèsonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li. Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m pran devan li. Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l, l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt kounyeya. Toutotan enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann. — Moun ki soti anwo, li sou tèt tout moun, tout bagay. Men moun ki soti anba sou latè, se moun latè. L'ap pale sou sa li konnen sou latè. Men moun ki soti nan syèl la, li sou tèt tout moun nèt. L'ap di sa l wè, sa l tande. Men, pèsonn pa asepte mesay li. Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre. Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an