Te gen yon nonm nan pati farizyen yo. Se te Nikodèm. Li te yonn nan lidè jwif yo. Yon jou, li vin kot Jezi lannwit epi li di li: — Mèt, nou kwè se Bondye menm ki voye ou anseye nou. Paske pyès moun pa ka fè tout mirak sa yo si Bondye pa avèk li. Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa. Nikodèm di li: — Kijan yon nonm ki fin granmoun ka rive fèt yon dezyèm fwa? Eske li ka retounen nan vant manman li pou li refèt ankò. Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.
Li Jan 3
Koute Jan 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 3:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo