Jan 3:1-21

Jan 3:1-21 HAT98

Te gen yon nonm nan pati farizyen yo. Se te Nikodèm. Li te yonn nan lidè jwif yo. Yon jou, li vin kot Jezi lannwit epi li di li: — Mèt, nou kwè se Bondye menm ki voye ou anseye nou. Paske pyès moun pa ka fè tout mirak sa yo si Bondye pa avèk li. Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa. Nikodèm di li: — Kijan yon nonm ki fin granmoun ka rive fèt yon dezyèm fwa? Eske li ka retounen nan vant manman li pou li refèt ankò. Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye. Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti. Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa. Van an soufle jan li vle. Ou tande bri li. Ou pa konn kote li soti ni kote li prale. Se menm jan an tou pou moun ki fèt nan Sentespri Bondye. Lè sa a Nikodèm di li: — Ki jan sa ka fèt menm? Jezi reponn li: — Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo? Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a. Si nou pa kwè lè m'ap pale sou bagay isit sou latè, se pa bagay nan syèl nou ta ka konprann? Pèsonn pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la. — Menm jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a. Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo. — Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a. Men ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an