Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen plis pase moun sa yo?
Simon Pyè reponn:
— Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Pran swen ti mouton mwen yo.
Li mande li yon dezyèm fwa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen?
Li reponn li:
— Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Fè ou gadò mouton mwen yo.
Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa:
— Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen?
Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li:
— Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou.
Jezi di li:
— Pran swen mouton mwen yo. Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn, ou te konn fè tout zafè ou poukont ou. Ou te konn ale kote ou vle poukont ou. Men lè w'a fin granmoun nèt, w'a leve bra ou, se moun ki va pase sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle.
(Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè ta pral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.)
Apre sa, Jezi di li:
— Swiv mwen.
Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Senyè, ki moun ki pral trayi ou la? Se konsa, Pyè wè l ap vini, li mande Jezi:
— Senyè, e nonm sa a, kisa k pral rive li?
Jezi reponn li:
— Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.
Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pat di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l konsa: Si m vle li rete vivan jouk lè m gen pou m tounen an, sa sa gade ou?