Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase: Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo. Simon Pyè di: — Mwen pral lapèch. Yo di li: — Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. Li te konmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pat rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: — Mesye m yo, eske nou pran pwason? Yo reponn li: — Non, nou pa pran anyen. Li di yo: — Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pat kapab rale l sòti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: — Se Senyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Senyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pat twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: — Pote kèk pwason nan sa nou fenk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale privye a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pat chire. Jezi di yo: — Vin manje. Yo yonn nan disip yo pat gen kouray mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Senyè a.
Li Jan 21
Koute Jan 21
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 21:1-12
6 Jou
Sosyete yo mete mesye yo anba anpil presyon pou yo kapab montre mond lan kisa ki yon vrè gason ye nan mond lan. Leson sa ap chita sou kijan lè nou abandone sante fizik nou, finans nou, fanmi nou, echèk nou, zanmitay nou yo, se li menm ki ranje nou ki fè nou tounen moun li te kreye nou pou nou ye a, konsa nou pa gen anyen pou nou pwouve, pou nou kache.
10 Days
Peter was just a fisherman from backwater Galilee, but he was pursued by Jesus and became the rock upon which the church was built. He witnessed the pivotal moment of the cross and empty tomb. Join author Daniel Darling on this 10-day plan to discover the life of Simon Peter, an unlikely character caught up in the story of Jesus.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo