Lòt disip yo di li: — Nou wè Senyè a. Men, Toma reponn yo: — Si m pa wè mak klou yo nan pla men l, si m pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m pa mete men m nan bò kòt li, mwen p'ap kwè. Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò nan kay la. Fwa sa a, Toma te la tou. Tout pòt te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Apre sa li di Toma: — Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.
Li Jan 20
Koute Jan 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:25-27
5 Jou
Dout ka antre nan kè nou e fè nou pèdi konfyans nan Bondye. Nan gid lekti sa a, nou pral aprann konnen sous dout yo, konprann li, epi dekouvri kijan nou ka ranfòse lafwa nou lè nou chwazi mete konfyans nou nan Bondye. Atravè istwa Biblik yo, nou pral wè kouman Bondye an rete toujou fidèl menm lè nou gen dout vin sou chemen nou.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo