Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 20:24-31

Jan 20:24-31 HAT98

Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pat la avèk yo lè Jezi te vini an. Lòt disip yo di li: — Nou wè Senyè a. Men, Toma reponn yo: — Si m pa wè mak klou yo nan pla men l, si m pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m pa mete men m nan bò kòt li, mwen p'ap kwè. Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò nan kay la. Fwa sa a, Toma te la tou. Tout pòt te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Apre sa li di Toma: — Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: — Senyè mwen, Bondye mwen! Jezi di li: — Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè! Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Li Jan 20

Koute Jan 20

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:24-31

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo