Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 20:11-18

Jan 20:11-18 HAT98

Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l gade anndan kavo a. Li wè de zanj abiye tou blan, yo chita kote yo te depoze kò Jezi a. Yonn te nan plas tèt, lòt la nan plas pye yo. Zanj yo mande li: — Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: — Yo wete Senyè mwen an, m pa konn kote yo mete li. Lè l fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pat rekonèt si se te Jezi. Jezi mande li: — Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: — Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. M'a v'al pran li. Jezi di li: — Mari! Mari vire bò kote Jezi, li di l an lang ebre: — Rabouni (sa vle di: Mèt). Jezi di li: — Pa manyen mwen! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Ou menm, al jwenn frè mwen yo, di yo m'ap moute kot Papa mwen, Papa nou. M'ap moute kot Bondye mwen, Bondye nou. Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: — Mwen wè Senyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.

Li Jan 20

Koute Jan 20

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:11-18

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo