Nan dimanch maten, byen bonè, li pat ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a. Li kouri, l'al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: — Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li. Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y'al nan kavo a. Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. Lè Simon Pyè rive dèyè l, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpile atè a ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon lòt kote. Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè.
Li Jan 20
Koute Jan 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo