Nan dimanch maten, byen bonè, li pat ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a. Li kouri, l'al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo:
— Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y'al nan kavo a. Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. Lè Simon Pyè rive dèyè l, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpile atè a ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon lòt kote. Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. (Disip yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo.) Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l gade anndan kavo a. Li wè de zanj abiye tou blan, yo chita kote yo te depoze kò Jezi a. Yonn te nan plas tèt, lòt la nan plas pye yo. Zanj yo mande li:
— Madanm, poukisa w'ap kriye konsa?
Li reponn yo:
— Yo wete Senyè mwen an, m pa konn kote yo mete li.
Lè l fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pat rekonèt si se te Jezi. Jezi mande li:
— Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache?
Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li:
— Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. M'a v'al pran li.
Jezi di li:
— Mari!
Mari vire bò kote Jezi, li di l an lang ebre:
— Rabouni (sa vle di: Mèt).
Jezi di li:
— Pa manyen mwen! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Ou menm, al jwenn frè mwen yo, di yo m'ap moute kot Papa mwen, Papa nou. M'ap moute kot Bondye mwen, Bondye nou.
Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo:
— Mwen wè Senyè a.
Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo:
— Lapè avèk nou!
Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l ak bò kòt li. Disip yo pat manke kontan lè yo wè Senyè a. Jezi di yo ankò:
— Lapè avèk nou! Menm jan Papa a voye mwen an, se konsa mwen voye nou tou.
Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo:
— Resevwa Sentespri.