Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 20:1-10

Jan 20:1-10 HAT98

Nan dimanch maten, byen bonè, li pat ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a. Li kouri, l'al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: — Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li. Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y'al nan kavo a. Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. Lè Simon Pyè rive dèyè l, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpile atè a ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon lòt kote. Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. (Disip yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo.) Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.

Li Jan 20

Koute Jan 20

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:1-10

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo