Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 2:13-22

Jan 2:13-22 HAT98

Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm. Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Jwif yo mande li: — Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gendwa fè sa w'ap fè la a? Jezi reponn yo: — Kraze tanp sa a kounyeya. Nan twa jou m'ap rebati l ban nou. Jwif yo di li: — Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li? Men Jezi li menm, lè l t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. Lè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.

Li Jan 2

Koute Jan 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 2:13-22

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo