Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: — Mwen swaf. Te gen yon veso plen vinèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mare li nan yon pwent gòl izòp, yo pwoche li bò bouch Jezi. Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: — Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri. Se te lavèy jou saba a. Jwif yo pa te vle pou kadav la rete sou kwa a jou saba a paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou li fè kraze janm moun ki kloure sou kwa yo pou fin touye yo. Epi pou li fè yo wete kadav yo. Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a. Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
Li Jan 19
Koute Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:28-35
7 Jou
Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo