Jan 19:17-27

Jan 19:17-27 HAT98

Jezi sòti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (an lang ebre, yo rele l: Gòlgota). Rive la, sòlda yo kloure l sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo. Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: — Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: — Sa m ekri a, m ekri l nèt. Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. Sòlda yo, yonn di lòt: — Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè tirajosò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa pawòl ki ekri nan liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo fè tirajosò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè. Bò kwa Jezi a te gen manman l ak sè manman l, Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a. Jezi wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa: — Madanm, men pitit ou. Li di disip la: — Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.