Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. Premye kote yo mennen l, se kay Àn. Àn te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, sòti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: — Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: — Non. Mwen pa disip nonm sa a. Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l tou. Granprèt la poze Jezi kèsyon sou disip li yo ak sou sa l t'ap moutre yo. Jezi reponn li: — Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. Poukisa w'ap kèsyonnen m konsa? Mande moun ki te tande m yo sa m te di yo. Yo menm yo konnen sa m te di. Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l ba l yon souflèt. Li di li: — Se konsa w'ap reponn granprèt la? Jezi reponn li: — Si m pale mal, moutre moun yo sa m di ki mal la a. Men, si m pale byen, poukisa ou frape mwen? Apre sa, Àn voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.
Li Jan 18
Koute Jan 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 18:12-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo