Jan 17:8-10

Jan 17:8-10 HAT98

Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen sòti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m vre. M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo.