Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l anlè nan syèl la, li di:
— O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba li otorite sou tout moun dekwa pou li ka bay tout moun ou ba li yo lavi etènèl. Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a. Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m fè. Kounyeya, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
Moun ou te pran nan lemonn ban mwen yo, mwen devwale yo ki moun ou ye. Se pou ou yo ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. Kounyeya, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo sòti. Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen sòti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m vre.
M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl, menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. Pandan m te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pat pèdi, esèpte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.