Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije. Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. — Talè konsa, nou p'ap wè mwen devan je nou. Men talè konsa ankò, n'a wè mwen.
Li Jan 16
Koute Jan 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 16:7-16
8 jou
Ou pa pou kont ou. Ke ou gen 1 jou oswa 30 an nan lafwa Kretyèn ou, verite sa rete fèm pou tout sa lavi ka pote pou nou. Aprann kijan pou anbrase èd Bondye nan fason efikas nan plan sa. Tire nan liv, “Out of This World: A Christian’s Guide to Growth and Purpose (Deyò mond sa; Yon gid Kretyen pou kwasans ak objektif)” David J. Swandt ekri
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo