— Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. Y'a radye nou nan sinagòg yo. Rive yon lè, moun ki touye nou va mete nan tèt yo se sèvi y'p sèvi Bondye. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa.
— Mwen pat di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. Men koulyeya, mwen di nou mwen pral jwenn moun ki te voye mwen an, epi nou yonn menm, nou pa mande mwen kote m'prale? Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije.
Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.
— Talè konsa, nou p'ap wè mwen devan je nou. Men talè konsa ankò, n'a wè mwen.
Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt:
— Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa n'a wè m ankò? Sa l vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a? Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l vle di.
Jezi menm te konnen yo te vle poze l kèsyon. Li di yo:
— Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa tou n'a wè m ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt kèsyon an? Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. Lè yon fanm gen tranche, kè li sere, paske lè a rive pou li soufri. Men lè pitit la fèt, li bliye tout bagay deske li fè yon ti kreyati met sou tè a. Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. Jou sa a, nou p'ap poze m kèsyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, l'a ban nou li. Jouk kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
Mwen di nou tou sa anparabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale daki ak nou ankò. Men m'ap pale nou aklè sou Papa a. Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou, paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a. Mwen sòti nan Papa a, mwen vin sou latè. Kounyeya, m'ap wete kò m sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.
Disip yo di li:
— Se kounyeya w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl. Kounyeya nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pèsonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou sòti nan Bondye.
Jezi reponn yo:
— Nou sèten nou kwè kounyeya? Gade, yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen. Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.