— Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. Y'a radye nou nan sinagòg yo. Rive yon lè, moun ki touye nou va mete nan tèt yo se sèvi y'p sèvi Bondye. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. — Mwen pat di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. Men koulyeya, mwen di nou mwen pral jwenn moun ki te voye mwen an, epi nou yonn menm, nou pa mande mwen kote m'prale? Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije.
Li Jan 16
Koute Jan 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 16:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo